Accessibility links

Breaking News

Etazini Pral Pwopoze Nouvo Règleman pou Anilasyon Vwayaj Konpayi Ayeryen yo


Foto Achiv: Pasaje fe la ke pou tcheke vol yo nan kontwa Southwest Airlanes nan ayeropo LaGuardia nan Nouyok, 27 Desanm, 2022.
Foto Achiv: Pasaje fe la ke pou tcheke vol yo nan kontwa Southwest Airlanes nan ayeropo LaGuardia nan Nouyok, 27 Desanm, 2022.

Administrasyon Biden nan komanse travay sou nouvo règleman li di pwal etann dwa pasaje ayeryen yo.

Gouvènman an anonse ouveti pwosesis pou ekri règleman yo Lendi. Li ta mande pou konpayi ayeryen yo konpanse pasaje yo epi kouvri frè manje ak otèl yo si yo bloke san yo paka vole pou rezon konpayi ayeryen an kapab kontwole.

Sekretè Transpò Piblik la, Pete Buttigieg ak responsab konpayi ayeryen yo twoke akizasyon konsenan kiyes ki reponsab pou kanpe nan vòl yo.

Administrasyon Biden nan pwomèt pou l ekri nouvo regleman pou konsomatè yo kèk semèn sèlman anvan komansman sezon vwayaj ete a.

Pi fò pami 10 pi gwo konpayi ayeryen yo deja pwomèt pou peye frè otèl moun ki ki bloke akoz avyon yo paka dekole.

XS
SM
MD
LG