2 dènye sondaj montre Prezidan Barack Obama ap jwi to popilarite ki pi ba a depi li te monte sou pouvwa a, nan moman l ap fè efò pou l relanse yon ekonomi k ap fè fas ak gwo difikilte.
Daprè yon sondaj jounal Washington Post ak chèn televizyon ABC pibliye, kantite sitwayen ameriken ki apwouve travay Misye Obama kòm prezidan se 43%.
Pandansetan, yon sondaj Wall Street Journal ak chèn televizion NBC reyalize, montre kantite ameriken ki di prezidan an ap fè yon bon travay, se 44 %.
Tou lè 2 sondaj yo fè wè plis pase mwatye moun ki reponn kesyon yo pa apwouve fason Prezidan Obama ap fè travay li.