Etazini dakò pou l ede ti fèmye afriken yo ogmante pwodiksyon yo epi redwi pòvrete sou kontinan an.
Sekretè Agrikilti ameriken an Tom Vilsack siyen yon memorandòm jedi 26 me 2011 la ak Alyans pou yon Afrik Vè.
Dapre memorandòm nan Etazini ak gwoup la pral travay pou devlope angrè ak tretman pou teren agrikòl yo ak lòt fason pou ede fèmye yo amelyore pwodiksyon yo.
Otorite yo pral pèmèt fèmye yo resevwa fòmasyon sou fason pou vann pwodwi yo pi byen sou mache a.