Prezidan ameriken an, Barack Obama, ak pliyzè lidè nan Kongrè a (Repibliken kou Demokrat) fè yon lòt rankont mèkredi 13 jiyè 2011 la nan La Mezon Blanch pou yo te chache yon mwayen pou yo redui defisi federal la epi jwenn yon konpwomi sou sa administrasyon Obama a konsidere kòm yon nesesite pou yo leve nivo plafon dèt nasyonal la.
Youn nan lidè repibliken yo, Senatè Mitch McConnel (R-Kentucky), pwopoze pou Kongrè a bay prezidan Obama otorite pou l leve plafon dèt la avèk yon ogmantasyon 2 trilyon 500 milya dola pou rive jous nan fen ane 2012 la; sepandan otorizasyon sa a, daprè misye McConnel, t ap fè prezidan an obligasyon pou l koupe sou depans yo yon valè lajan k ap koresponn egzatteman ak ogmantasyon plafon dèt la; epi fòk sa pa mache ak pyès ogmantasyon taks.
Senatè McConnel di : “Ameriken yo pa renmen ogmantasyon taks; yo pa renmen rediksyon depans ki pa reyèl; yo pa renmen yon plan ki pa prevwa diminisyon dèt nou, menm jan yo pa renmen pou n ta rive nan yon pwen kote nou pa ka peye dèt nou. Yo vle rediksyon depans ki reyèl, bon jan refòm e yo vle sa kounyela a menm.”
Pòtpawòl Mezon Blanch la, Jay Carney, fè konnen yon lide konsa se yon mwayen pou Repibliken yo di pa genyen altènativ pou ogmantasyon nivo dèt nasyonal la. Bò kote pa l, Prezidan Barack Obama ki t ap bay chèn televizyon CBS yon entèvyou, reponn yon deklarasyon Misye McConnel te fè pou l di yon solisyon pou pwobèm defisi federal la ak dèt nasyonal la p ap posib toutotan se Misye Obama ki prezidan Lèzetazini.
Nan repons li a, Misye Obama di jounalis CBS la:
“Ou konnen, Misye McConnell te di --mwen panse Li te di sa nan jou mwen te eli a-- travay li se fè tout bagay pou m echwe. Mwen panse sa pèp ameriken an ap chache, se pa kalte politik divizyon sa a ki baze sou apatenans politik. "
2 pati yo genyen pou yo rankontre jedi 14 jiyè a ankò pou yo kontinye chache yon solisyon pou pwoblèm defisi federal la ak dèt nasyonal la. Si yo pa rive jwenn yon antant, Lèzetazini pap gen posiblite pou l peye dèt li nan dat 2 out 2011 ; e se t ap premye fwa sa t ap rive nan tout istwa peyi a.