Accessibility links

Breaking News

Etazini: Plizyè Senatè Repibliken di yo Pa Dakò ak Kritik Prezidan Trump Kont Minis Jistis la


Minis Jistis Etazini a, Jeff Sessions nan Capitol Hill, Washington, 13 jen 2017 kote li tap temwaye devan Komite Entèlijans Sena a.
Minis Jistis Etazini a, Jeff Sessions nan Capitol Hill, Washington, 13 jen 2017 kote li tap temwaye devan Komite Entèlijans Sena a.

Anpil palmantè nan Kongrè a montre sipò yo ak Minis Jistis la, Jeff Sessions, malgre kèk repwòch Prezidan Donald Trump te lanse kont li sou Twitter.

Minis jistis la, Jeff Sessions genyen kèk ansyen kòlèg li nan Sena a ki kanpe pou pran defans li, madi 25 jiyè 2017 la, malgre depi plizyè jou gwo kritik kap soti bò kote Prezidan Donald Trump ak apèl kap fèt bò kote palmantè Demokrat yo pou l vinn temwaye sou kontak li ak kèk responsab ris.

Senatè Repibliken Lindsey Graham, yon gwo manm nan Komisyon Jiridik e ansyen kandida alaprezidans ak Richard Shelby, yon lòt senatè nan eta natal minis Sessions, an palan de Alabama, fè deklarasyon sou kont Twitter yo pou di yo pa dakò ak denye repwòch Prezidan Trump lanse kont minis jistis la.

Senatè Graham di li konsidere Sessions tankou "yon konsèvatè solid” e se youn nan nèg ki pi kòrèk ke li janm rankontre nan tout vi politik li, e li pa dakò ak pawòl kòmkwa Sessions pat fè djòb li lè li pat mennen ankèt sou ansyen rival politik li, Demokrat Hilary Clinton. Pou Senatè Graham yon pousuit kont yon rival politik tap vrèman pa apwopriye.

XS
SM
MD
LG