Depatman Deta Ameriken pibliye yon avi vwayaj nivo 4 pou moun pa vwayaje ann Ayiti akoz ogmantasyon krim, deblozay ak kidnaping kap fèt san gad dèyè nan peyi a.
Avi Vwayaj sa a ranplase yon lòt ki te pibliye nan kòmansman mwa jen 2019 la. Dènye fwa Depatman Deta te pibliye yon avi vwayaj nivo 4 pou Ayiti se te an Fevriye 2019.
Ayiti antre nan menm kategori ak Yemen, Irak, Soudan Sud, Siri, Somali, Afganistan kòm peyi Etazini mande sitwayen li yo pou pa vizite.
Nan yon nòt Anbasad Ameriken an pibliye sou kont Twitter li nan kòmansman semèn nan di," Etazini mande gouvènman ayisyen an pou l satisfè bezwen popilasyon an. Not la kontinye pou l di," L ap rive fè l si l atake prese-prese pwoblèm ki gen rapò ak sekirite e si l chèchè relanse kwasans ekonomik la touswit."
Nòt la kontinye pou di gouvènman an ap fè sa tou si l chèche òganize san pèdi tan eleksyon lejislatif ki lib, ki pa gen paspouki e ki kredib osito li teknikman posib."