Accessibility links

Breaking News

Etazini-Meksik: Akizasyon Kont 10 Sitwayen Meksiken


Egzekitif asistan direktè FBI a Shawn Henry kap montre yon papye kriminè leta ameriken ap cheche pandan yon koferans pou laprès nan washington ak Minis jistis ameriken an, Eric Holder
Egzekitif asistan direktè FBI a Shawn Henry kap montre yon papye kriminè leta ameriken ap cheche pandan yon koferans pou laprès nan washington ak Minis jistis ameriken an, Eric Holder

Minis jistis ameriken an, Eric Holder, anonse Lèzètazini akize ofisyèlman 10 sitwayen meksiken dèske yo ta mele nan asasinay yon anplwaye konsila ameriken an nan vi Juarez ansanm ak 2 lòt moun ane pase.

Mesye Holder –ki t ap abòde dosye a mèkredi 9 mas 2011 la--- di aksyon Lèzétazini an demontre peyi sa a pa pare pou l tolere zak vyolans kont fonksyonè leta k ap pwoteje sitwayen ameriken.

Bandi arme te ouvè kout zam nan moman yon anplwaye konsila a, Leslie Ann Enriquez Catton, mari li, plis mari yon lòt anplwaye konsila a, t ap sòti nan yon fèt anivèsè ki t ap dewoule nan konsila a sa gen yon lane.

Otorite yo poko rive konnen pou ki rezon bandi yo te ouvè kout zam nan konsila a.

XS
SM
MD
LG