Accessibility links

Breaking News

Etazini: Manifestan Bloke Baryè Divès Waf Atravè Peyi a


Plizyè santèn manifestan bloke baryè nan kèk pò kote ki gen anpil aktivite sou kòt lwès peyi a ak Kanada, nan kad yon mouvman yo mete sou pye, sa gen preske 3 mwa kont sa yo di ki se grand manjè
Plizyè santèn manifestan bloke baryè nan kèk pò kote ki gen anpil aktivite sou kòt lwès peyi a ak Kanada, nan kad yon mouvman yo mete sou pye, sa gen preske 3 mwa kont sa yo di ki se grand manjè

Isit Ozetazini, plizyè santèn manifestan bloke baryè nan kèk pò kote ki gen anpil aktivite sou kòt lwès peyi a ak Kanada, nan kad yon mouvman yo mete sou pye, sa gen preske 3 mwa kont sa yo di ki se grand manjè.

Manifestasyon yo lakoz operasyon yo te sispann lendi 12 desanm 2011 la sou kèk waf nan Oakland nan eta Kalifoni ak nan Portland, Oregon. Gen manifestasyon mènm jan an k ap dewoule nan Anchorage nan Alaska, nan Los Angeles ak San Diego nan eta Kalifòni, Seattle nan eta Washington ak nan vil Vancouver o Kanada.

XS
SM
MD
LG