Accessibility links

Breaking News

Etazini Mande Liberasyon Yon Ameriken ki nan Prizon Nan Kiba


Arturo Valenzuela ak Ministè afè etranje El Salvador la Hugo Martinez
Arturo Valenzuela ak Ministè afè etranje El Salvador la Hugo Martinez

Diplomat pi wo-lase ameriken pou Amerik yo, Arturo Valenzuela, lanse apèl pou mande « liberasyon san kondisyon » yon kontraktè ameriken ki anba kòd nan Kiba depi plis pase yon lane poutèt otorite kiben yo sispèk li nan espyonaj.

Asistan Sekretè Deta Valenzuela fè deklarasyon an jedi 17 fevriye 2011 isit Washington, nan yon seyans depozisyon sou Amerik Latin nan.

Nan yon deklarasyon li te prepare, Mesye Valenzuela fè konnen sa a fè l mal lè l tande anons Kiba te fè sa a pa gen lontan, kote akizatè yo ap chache yon santans 20 t an prizon kont kontraktè Alan Gross.

Mesye Valenzuela dekri Mesye Gross kòm yon travayè devlopman devwe ki te nan Kiba pou l sipòte manm kominote Juif la nan peyi a.

XS
SM
MD
LG