Sa fè ameriken yo 4èm viktwa yo nan konpetisyon an. Etazini ap rankontre peyi ki klase 4èm nan gwoup A a nan 8èm de final la.
Kanada elimine nan chanpyona a apre yo sibi 4èm defèt yo. Kanadyen yo tonbe devan Nouvèl Zeland 71 a 61. Nan lòt rankont la, Larisi louvri wout la pou kalifye nan 2èm tou a apre viktwa 89 a 80 devan Lachin.
Tinizi tonbe devan Kwasi 84 a 64.
Tikè pou match amikal NBA pral òganize sou kontinan Ewopeyen an kòmanse vann. New Jersey Nets ak Toronto Raptors gen pou jwe 2 match an Angletè le 4 e 5 Mas.
Avan rankont sa a NBA ap reyalize yon match chofe jarèt ant Los Anjeles Lakers ak Minnesota Timberwolves 4 oktòb.