Accessibility links

Breaking News

Etazini: Konstriksyon yon Mize Nasyonal Istwa ak Kilti Afwo-Ameriken


Prezidan Barack Obama pwononse yon diskou sou espas kote yo pral konstwi yon Mize sou kilti ak istwa nwa ameriken yo
Prezidan Barack Obama pwononse yon diskou sou espas kote yo pral konstwi yon Mize sou kilti ak istwa nwa ameriken yo

Etazini, Kanada ak kèk lòt peyi selebre chak ane, nan mwa fevriye a mwa istwa nwa yo. Nan mwa sa a, responsab yo òganize anpil aktivite kote pale sou kèk nwa ki make istwa limanite.

Prezidan Barack Obama pwononse yon diskou mèkredi 22 fevriye a sou espas kote yo pral konstwi yon Mize sou kilti ak istwa nwa ameriken yo.

Prezidan Obama pale pou l di: "Jou sa a pran anpil tan anvan l rive. Premye moun ki te vini ak lide pou genyen yon mize ki dedye pou ameriken nwa yo, se te ansyen konbatan Gè Sivil yo . Kèk ane apre, chwa- a te tonbe sou manm jenerasyon dwa sivik yo ---gason ak fanm ki te konnen ki jan pou yo goumen pou sa ki dwat e lute pou lajistis. Se jou pa yo. Se jou pa w tou."

Se kongrè ameriken an, nan ane 2003 ki te adopte yon lwa pou genyen nan Washington yon Mize Nasyonal Istwa ak Kilti Afwo-ameriken.

Se sèl mize nasyonal ki pral dedye sèlman pou dokimantasyon sou lavi , kilti ak istwa nwa ameriken yo. Otorite yo atann yo aske konstriksyon mize sa a fini an 2015.

XS
SM
MD
LG