Lèzetazini anonse kèk nouvo sanksyon ekonomik kont Kore di Nò, pandan Washington ap ogmante presyon an sou rejim izole Pyonyang nan aprè bato de gè Nò Koreyen te koule yon bato de gè Kore di Sid, kote anpil maren sid koreyen te pèdi lavi yo. Se sekretè deta ameriken an, Hillary Cinton, ki anonse nouvo seri sanskyon sa yo mèkredi 21 jiyè a pandan li menm ak minis defans ameriken an, Robert Gates, ap fè yon vizit nan Seoul kote yo rankontre kolèg sid koreyen yo, respektivman minis afè etranjè You Myung-Wann ak minis defans Kim Tae-youn. 2 otorite ameriken yo pwofite vwayaj sa a pou yo fè yon kout pye nan zòn demilitarize a, ki seprae 2 Kore yo. Koute yon repòtaj Lavwadlamerik avèk Jacquelin Belizaire e Lyonel Desmarattes
Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj Jacquelin Belizaire e Lyonel Desmarattes