Administrasyon Prezidan Barack Obama anonse vandredi 14 oktòb la Etazini pral lache restriksyon sou Kiba nan yon efò pou kreye plis opòtinite ekonomik ant 2 peyi yo.
Administrasyon an apwouve yon seri chanjman nan regleman yo, pou favorize opòtinite syantifik, imanitè, komèsyal ak echanj ant Etazini ak Kiba.
Prezidan Obama declare gen mezantant reyel ki rete toujou ant Etazini ak Kiba sou kesyon demokrasi ak dwa moun, men meyè fason pou abòde yo se fè 2 peyi yo angaje yo pou travay ansanm.
Chanjman sa yo ki pral pran efè nan 17 oktòb kap vini an, se yon lòt etap nan plan Prezidan Obama genyen pou l nòmalize relasyon yo ak Kiba.