Accessibility links

Breaking News

Etazini: Kantite ka Enfeksyon COVID-19 ap Ogmante


FILE PHOTO: People get tested for coronavirus disease (COVID-19) in Lima
FILE PHOTO: People get tested for coronavirus disease (COVID-19) in Lima

Kantite ka enfeksyon COVID-19 ap ogmante seriezman sitou nan Etazini nan moman premye minis Espayol la konseye pou yo ta anvizaje trete kowonaviris la la kom yon pandemi.

Etazini bat yon nouvo rekò pou yon sèl jounen -- 1 milyon 483 mil 656 nouvo ka enfeksyon, lendi 10 janvye pase, daprè chif Sant Resous Koronavirus Johns Hopkins konpile.

Lidè mondyal nan kantite ka enfeksyon, 61 milyon 500 mil e nan ka lanmò, plis pase 839 mil 500, li preske bat yon lòt rekò nan pandemi an avek kantite moun ki entène lopital ak covid-19 ki preske depase 142 mil 315, 14 janvye 2021 an e se nivo ki pi wo li te rive ane pase.

Sant kontwol ak prevansyon maladi a te plase Kanada lendi ki sot pase a sou lis destinasyon ki poze gwo-gwo risk pou vwayajè pran COVID-19. CDC mete nan nivo 4 nenpot destinasyon ki gen plis pase 500 ka sou 100 mil rezidan nan 28 jou ki pase yo. Ajans sante federal la plase zile karayib Curacao sou lis destinasyon ki nan nivo 4, lendi ki sot pase a.

XS
SM
MD
LG