Accessibility links

Breaking News

Etazini Kalifye Pou Je Zolenpik Basketbòl 2012 la


Etazini Kalifye Pou Je Zolenpik Basketbòl 2012 la
Etazini Kalifye Pou Je Zolenpik Basketbòl 2012 la

Pou la premyè fwa depi 1994 seleksyon basketbòl ameriken an ranpòte chanpyon dimond basketbòl ki t ap dewoule nan Tuki.

Etazini ranpòte meday dò gras ak yon swif yo pase Tuki 81 a 64 gras ak 28 pwen Kevin Duran make epi Lamar Odom ajoute 15 pwen epi trape balon an 11 fwa.

Ameriken yo ranpòte twofe a san patisipasyon gwo zotobre ameriken k ap jwe nan NBA a e ki te ranpòte meday dò je zolenpik Peken 2008 yo.

Viktwa a pèmèt Etazini kalifye pou je zolenpik yo an 2012 nan vil Lond.

Lituani kale Sèvi 99 a 88 pou konsole l ak 3 zièm plas la.

XS
SM
MD
LG