Accessibility links

Breaking News

Kore di Sid, Japon, ak Lèzetazini Mande Nasyon Zini Mete Sanksyon Ki Pi Di sou Kore di Nò


Lidè Kore di Nò a, Kim Jung Un, sant, kap gade lansman misil entèkontinantal balistik, ICBM, peyi li tap eseye a. 4 jiyè 2017, Kore di Nò. (KRT via AP Videyo)
Lidè Kore di Nò a, Kim Jung Un, sant, kap gade lansman misil entèkontinantal balistik, ICBM, peyi li tap eseye a. 4 jiyè 2017, Kore di Nò. (KRT via AP Videyo)

Lidè nan peyi Etazini, Kore di Sid, ak Japon antann yo pou yo bay Oganizasyon Nasyon Zini sipò pou l akselere aplikasyon sanksyon kont Kore di Nò apre peyi sa a te lanse yon misil balistik entèkontinantal nan dat 4 jiyè 2017 pase a.

3 lidè yo mande kominote entènasyonal la pou l aplike vit tout rezolisyon l ONU ki la pou pini Kore di Nò, dapre tèks konvèsasyon ki te fèt ant Prezidan Etazini an, Donald Trump, Prezidan Kore di Sid la, Moon Jae-in, ak Premye minis japonè a, Shizo Abe, nan somè G-20 an nan vil Hambourg, ann Almay.

Lidè yo re-afime angajman pou yo elimine zam nikleyè nan Kore di Nò, e yo mande nasyon vwazen pou yo konvenk li pou l sispann menase lòt peyi e mete fen nan pwogram misil balistik li a, dapre tèks konvèsasyon an.

XS
SM
MD
LG