Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Prezidan Trump la Pral Re-Evalye Akò Lèzetazini te Siyen ak Iran sou Pwogram Nikleyè li a


Sekretè Deta Ameriken an Rex Tillerson pandan li tap pale nan Somè komèsan Etazini-Arabi Saoudit yo nan Chanm Komès la nan Washington. 19 avril 2017.
Sekretè Deta Ameriken an Rex Tillerson pandan li tap pale nan Somè komèsan Etazini-Arabi Saoudit yo nan Chanm Komès la nan Washington. 19 avril 2017.

Prezidan Ameriken an Donald Trump mande Konsèy Sekirite Nasyonal la pou l rekonsidere akò entènasyonal sou pwogram nikleyè Iran an e evalye sitasyon an pou konnen si sispann sanksyon yo "antre nan kad gwo enterè sekirite nasyonal Etazini."

Sekretè Deta Rex Tillerson revele revizyon an nan yon lèt li te voye bay Prezidan Chanm Reprezantan an Paul Ryan. Sekretè laprès Mezon Blanch Sean Spicer fè konnen administrasyon Trump la ap pran 90 jou pou l evalye akò a.

XS
SM
MD
LG