Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ameriken an, Donald Trump, Pap Abandone Pwojè Miray ant Etazini ak Meksik la


Fontyè Etazini ak Meksik nan zòn Sunland Park ak New Mexico. 30 mas, 2017.
Fontyè Etazini ak Meksik nan zòn Sunland Park ak New Mexico. 30 mas, 2017.

Prezidan Etazini an, Donald Trump, reyafime konviksyon li genyen pou l monte yon miray sou fwontyè Etazini pataje ak Meksik yon fason pou l bloke imigran ilegal, menm si nouvèl yo te fè kwè li anvi ranvwaye pwojè a pou lwen nan ane 2017 la.

Lendi 24 avril 2017 la, chèf deta ameriken an te di yon gwoup jounalis konsèvatè nan Lamezon Blanch li ka tann jiska mwa septanm pou yon konfwontasyon sou finansman miray la ki, dapre kèk estimasyon, ka koute plis pase 20 milya dola.

Pandanstan, diskisyon sou finansman miray la ap kontinye nan Kongrè Amariken an kote Demokrat yo pa deside vote pou pèmèt gouvènman an jwenn lajan li bezwen an pou l fè sa.

Si pa gen yon antant ant 2 pati yo nan Kongrè a sou bidjè a avan lontan, gouvènman federal la kapab fèmen paske lajan pap ka debloke nan kès leta pou fonksyonman li.

XS
SM
MD
LG