Isit Washington, apre yon rankont ki te chaje ak tansyon ant prezidan Barack Obama ak lidè 2 pati yo nan Kongrè a, yo fè konnen yo rive diminye diferans ki egziste antre yo sou bidjè federal la ak kesyon depans yo, diferans ki menase pou fèmen yon pati nan gouvènman an –yon sitiyasyon ki t ap lakoz plizyè milye anplwaye federal pa kapab touche, ni menm ale nan travay.
Byen ta yè swa, Misye Obama te kite sal kote rankont la te dewoule nan La Mezon pou l pale ak laprès; li deklare chita-tande a te sensè e konstriktif, e li gen konfyans 2 kan yo va rive jwenn yon antant. Misye Obama di:" Sa gen konsekans toupatou nan peyi a. Epi, nan yon moman kote ekonomi an ap redi toujou pou l sòti nan yon gwo kokenn resesyon, nou pa t ap genyen okenn rezon pou n pa rezoub pwoblèm nan, lè n konsidere ti diferans tou piti ki egziste ant 2 pati yo sou kesyon rediksyon depans yo."
Sepandan, jan misye Obama pale a, moun kapab wè klèman genyen travay ki rete pou 2 pati yo fè toujou anvan yo rive jwenn yon antant pou evite gouvènman an fèmen –yo dwe jwenn antant sa a anvan vandredi 8 avril 2011 la, a minui. Lidè majorite demokrat la nan Sena a, Harry Reid, pale ak laprès tou apre rankont la pou l di chita-tande-a rive redui diferans yo anpil-anpil; men li rekonèt 2 kan yo gen efò pou yo fè toujou.
Senatè Reid deklare : “Nou gen konfyans nou kapab rezoud pwoblèm nan; nou poko rive la, men nou toujou gen espwa."
Se menm pozisyon-an nou jwenn bò kote prezidan Chanm dè reprezantan an, depute John Boehner : yon optimism melanje ak prekosyon.
Prezidan Lachanm nan fè konnen : "Nou te genyen yon konvèsasyon prodiktif aswè a. Onètman, nou toujou genyen kèk diferans; men mwen panse nou fè pwogrè.
Si La Mezon Blanch ak lidè republiken nan Kongrè a pa rive jwenn yon antant sou bidjè federal la anvan minui demen vandredi 8 avril la, gouvènman ameriken an pral fèman pasyèlman.
Sa kapab genyen move konsekans sou travay ak salè anviwon 800 mil anplwaye leta federal la.