Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Enstale yon Sistè Defans Misil 'Operasyonèl' nan Peyi Kore di Sid


Yon avyon Lame Ameriken kap debake kamyon ki pote misil defans THAAD yo. 6 mas 2017, Pyeongtaek, Kore di Sid.
Yon avyon Lame Ameriken kap debake kamyon ki pote misil defans THAAD yo. 6 mas 2017, Pyeongtaek, Kore di Sid.

Lame Amerikèn fè konnen yo enstale yon sistem defans misil nan Kore di Sid; sistem sa a kapab entèsepte misil ki soti nan Kore di Nò. Dapre otorite amerikèn yo, sistem defans THAAD la operasyonèl e li gen kapasite pou l entesepte misil nò koreyen yo.

Sistem la deplwaye sou yon ansyen teren Golf ki sou yon distans 250 kilomet o sid kapital sid koreyèn nan Kore di Nò. La Chin kont deplwaman sistem anti-misil la ke li konsidere kom yon gwo menas. Potpawol ministè afè etranjè chinwa a ki tap pale nan laprès lendi 1 me 2017 la di jounalis yo Lachinn pral mande Etazini pou l sispann deplwaman sa a tou suit.

Pyongyang ap travay pou l develope misil balistik e nan mwa ki sot pase yo li fè yon seri tès ki pa reyisi. Li te fè tire yon misil samdi 29 avril pase a ki te echwe menm jan ak kèk lòt avan sa.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG