Accessibility links

Breaking News

Etazini Enpoze Sanksyon Kont 4 Moun peyi Ikrèn ki Anba Akizasyon Kòmkwa yo Travay ak (FSB)


FSB minivan Photo Vitaliy Nevar TASS
FSB minivan Photo Vitaliy Nevar TASS

Etazini enpoze sanksyon sou 4 moun Ikrèn ki anba akizasyon kòmkwa yo travay ak sèvis sekrè LaRisi (FSB), pami yo 2 depite ki sou manda yo, e li pale de aktivite yo pou destabilize Ikrèn.

Palmantè Ikrèn yo, Taras Kozak ak Oleg Volochine, tonbe anba akizasyon kòmkwa travay yo pou FSB se "rekrite ansyen ak aktyèl otorite nan gouvènman an pou yo ranje kò yo pran kontwòl gouvènman Ikrèn nan e kontwole enfrastrikti peyi a nan yon fo okipasyon ris," dapre sa Depatman Trezò Ameriken an anonse nan yon kominike.

2 lòt akize-yo se ansyen otorite nan Ikrèn. Volodymyr Oliynyk tonbe akizasyon kòmkwa li te travay pou FSB nan Moskou, kote li ta "ransanble enfòmasyon sou enfrastrikti esansyèl yo nan Ikrèn" an 2021.

4èm mesye ki anba akizasyon an, Vladimir Sivkovich, se yon ansyen responsab konsèy sekirite ak defans nasyonal nan Ikrèn. Akizasyon ki sou do l se antwòt ke li te kopere ak sèvis sekrè ris la pou mennen operasyon pou defòme enfòmasyon ki vize enfliyanse opinyon piblik la nan Ikrèn anfavè lide pou Krime fè pati LaRisi.

Li anba akizasyon tou kòmkwa li te mennen aktivite pou defòme enfòmasyon nan Etazini an 2019 ak 2020. Etazini ap bloke nenpòt avwa msye sa yo ta gen lakay li e yo pap gen aksè nan sistèm bankye Ameriken an.

LaRisi fè konnen li pa gen okenn entansyon fè lagè ak vwazen li, e li di entansyon l-OTAN pou ranfòse prezans li nan rejyon an, se yon menas pou li e li asire ke plizyè solda li ki sou fwontyè ak Ikrèn nan se pa yon menas.

XS
SM
MD
LG