Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: Mitt Romney Ranpòte Primè Eta Ilinwa a


Etazini-Eleksyon: Mitt Romney Ranpòte Primè Eta Ilinwa a
Etazini-Eleksyon: Mitt Romney Ranpòte Primè Eta Ilinwa a

Ozetazini, youn nan kandida pati repibliken yo, Mitt Romney, ranpòte eleksyon primè ki dewoule madi 21 mas la nan eta Ilinwa, nan santwès peyi a. Nan moman responsab electoral yo fin konte 100 pou 100 vòt yo, Misye Romney ranmase 47 pousan vwa yo, tandiske rival ki vini pi prè dèyè li a, ansyen senatè Eta Pennsilvani, Rick Santorum, ranpòte 35 pou san. Misye Romney te pale byen ta madi swa nan vil Chicago, kote li pa t manke pa atake Prezidan Barack Obama.

Li deklare:

"Nou konnen kisa ki vizyon Barack Obama; se yon vizyon nou viv pandan 3 zan ki pase yo. Vizyon pa m nan trè, trè diferan ak pa l la. Gade : mwen wè yon Etazini kote avni pitit nou yo va pi bon lontan pase sa nou mennm, nou viv nan egzistans pa nou ; yon avni kote travay pou siksè va ini nou e non pa divize nou."

Pandan Senatè Rick Santorum te pran lapawòl byen ta madi swa tou nan Eta Pennsilvani, li fè konnen li rele Mitt Romney pou l te fè l konpliman pou viktwa li a. Misye Santorum di kanpay li a se yon kanpay ki repoze sou libète. Ann site kandida ki vini nan 2èm plas nan primè Ilinwa a :

"Se yon eleksyon ki baze sou bagay ki fondamantal ak bagay ki makònen ak fondasyon peyi nou an. Se yon eleksyon non pa pou konnen kilès ki pi bon pou dirije Washington oubyen jere ekokomi an. Nou pa bezwen yon jesyonè ; nou pa bezwen yon manadjè ; men nou bezwen yon moun ki pral pran gouvènman an nan rasin li, ki va transfòme li epi fè yon bagay pou libere sektè prive a Ozetazini. Se sa nou bezwen. "

2 lòt kandida yo, Depite Ron Paul ak ansyen prezidan chanm dè reprezantan an, Newt Gingrich, ranpòte 9 ak 8 pou san respektivman nan primè Eta Ilinwa a.



XS
SM
MD
LG