Ozetazini, Repibliken yo repran kontwòl Chanm dè Reprezantan an nan men Pati Prezidan Barack Obama a (an palan de Pati Demokrat la) apre yon eleksyon mi-manda kote Repibliken yo ranpòte gwo viktwa nan divès Eta. Youn nan faktè ki eksplike viktwa sa a, se mekontantman elektè yo devan yon ekonomi k ap travèse gwo difikilte, mete sou gwo depans gouvènman an ap fè. Kandida repibliken pou pòs nan Chanm Depite a ranpòte 60 syèj, alòske yo te bezwen 39 sèlman pou yo te pran kontwòl Chanm Bas la. Se konsa tou, Repibliken yo fè gwo pwogrè nan eleksyon pou Sena a, menmsi Demokrat yo kontinye genyen yon majorite tou mens nan Chanm Wòt la.
Nan Eta Kentucky, Repibliken Rand Paul –pititgason ansyen kandida a la prezidans Ron Paul—kale demokrat Jack Conway nan kous senatoryal la; misye Paul di patizan n yo eleksyon sa a voye yon mesaj klè bay tout moun: “Mesaj la se yon mesaj ki fò e ki klè, yon mesaj san pawòl an daki --yon mesaj ki di: “Nou vini pou n repran kontwòl gouvènman n nan.”
Nan Eta Nevada, Lidè majorite a nan Sena a, Harry Reid, rive ranpòte laviktwa sou advèsè li, Repibliken Sharon Angle, ki te jwenn apui pati kominote de baz yo, Tea Party a, alòske anpil pwonostik ki prevwa misye ta pral pèdi kous la. Misye Reid –ki se yon ansyen boksè amatè-- pale pou l di se pa premye konba difisil li livre: "Mwen livre konba sa yo nan lari, mwen livre yo sou ring boks; mwen livre yo nan sena ameriken an. Men, mwen fèt pou m rekonèt konba 2 novanm nan sete youn nan konba ki pi difisil yo. Sepandan li pa reprezante anyen, si w konpare l ak gwo konba fanmi yo ap livre jounen jodiya toupatou nan Eta Nevada."
Nan Eta Delaware, kandida ki te gen apui Pati kominote debaz yo, Tea Party a, Christine O’Donnell, echwe nan efò manmzèl t ap fè pou l okipe syéj Vis-Prezidan Joe Biden kite vid nan Sena a --syèj kandida demokrat la, Chris Coons, ranpòte.
Kandida repibliken John Boehner –ki te deja nan Chanm Depite a --byen plase pou l tounen pwochen prezidan chanm sa a kote li ka ranplase Demokrat Nancy Pelosi. Pandan Misye Baner t ap pale ak patizan n yo nan mitan nuit la, li fè konnen li pran yon angajman vizavi peyi a: "Pandan nouvo majorite nou an pral sèvi kòm vwa nou nan Chanm pèp la, nou fèt pou n sonje se Prezidan an ki fikse pwogram gouvènman an. Pèp ameriken an voye yon mesaj klè ba li aswè a: e mesaj sa a se pou di li: “Chanje direksyon.”
Prezidan Obama telefone misye Boehner nan douvanjou mèkredi 3 novanm 2010 la pou fè l konpliman pou seri viktwa Repibliken yo ranpòte yo, e misye Obama pwomèt pou l eseye travay avèk yo pou l jwenn antant sou program gouvènman n nan. Nan Eta Florid, venkè a nan kous pou yon pòs nan Sena a se Repibliken Marco Rubio, pitit-imigran kiben, ki te gen an fas li ansyen gouvènè Charlie Chris (ki se yon blan) ak ansyen manm Chanm dè Reprezantan an, Kendrick Meek –ki se yon nwa. Misye Rubio lanse bay Repibliken parèy li yo yon apèl ki di yo pa dwe aji ak yon konfyans depase limit nan tèt yo.
"E nou ta fè yon erè grav si nou panse ke, aswè a la a, rezilta yo vle di pèp la fèmen je l pou l anbrase tout pwogram Pati Repibliken an. Rezilta sa yo reprezante yon 2èm chans; se yon 2èm chans pou Repibliken yo fè travay yo te di yo ta pral fè sa pa gen lontan."
Daprè Marco Rubio, Lèzetazini pran yon move direksyon e se tou lè 2 pati yo (Demokrat kou Repibliken) ki dwe pote responsablite a.