Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Obama Reyaji sou Deklarasyon Donald Trump te Fè pou Di Eleksyon yo Ozetazini Pa Lejitim


Prezidan Ameriekn an Barack nan jaden rose nan Mezon Blanch nan Washington, 18 Oktòb, 2016.
Prezidan Ameriekn an Barack nan jaden rose nan Mezon Blanch nan Washington, 18 Oktòb, 2016.

Prezidan Etazini Barack Obama rejte, madi 18 oktòb, pawòl Donald Trump ki fè konprann eleksyon prezidansyèl la gen konbinezon kap fèt kont li. Prezidan Obama deklare kandida Donald Trump ta dwe “sispann plenyen” e konvenk elektè yo ke se li ki dwe genyen eleksyonan.

Kandida prezidansyèl pati Repibliken Donald Trump ak kandida prezidansyèl pati Demokrat la Hillary Clinton pandan premye deba a nan Hofstra University nan Hempstead, N.Y., 26 septanm, 2016.
Kandida prezidansyèl pati Repibliken Donald Trump ak kandida prezidansyèl pati Demokrat la Hillary Clinton pandan premye deba a nan Hofstra University nan Hempstead, N.Y., 26 septanm, 2016.

Depi kèk jou, Donald Trump, kandida pati Repibliken pou pòs prezidan, ap trennen dèyè nan sondaj yo kont rival Demokrat li, Hillary Clinton. Kandida Repibliken an eksprime dout ke eleksyon an lejitim.

Msye Trump fè konprann gen magouy e ke laprès nan peyi a mare konplo ak Madan Clinton, yon ansyen Sekretè Deta, pou fè l tounen premye fanm prezidan Etazini.

Anpil zye deja fikse sou twazyèm e dènye deba prezidansyèl ant Hillary Clinton ak Donald Trump ki pral dewoule mèkredi 19 oktòb 2016 nan Las Vegas, Nevada.

XS
SM
MD
LG