Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: Newt Gingrich Nan tèt Sondaj Pati Repibliken an


Etazini-Eleksyon: Newt Gingrich Nan tèt Sondaj Pati Repibliken an
Etazini-Eleksyon: Newt Gingrich Nan tèt Sondaj Pati Repibliken an

Nan mwens ke 3 semèn, elektè repibliken yo nan Eta Iowa santwès Etazini, pral patisipe nan yon rankont pou eksprime preferans yo nan nominasyon pou kous prezidansyèl pati repibliken an. Eta Iowa, se kote premye tès la pral dewoule nan sa ki sanble ak yon batay manch long pou nominasyon pati a. Kous sa a kòmanse sanble ak yon konpetisyon ant ansyen “prezidan chanm depite Lèzetazini an, Newt Gringinch ak ansyen gouvènè eta Massachusetts la , Mitt Romney.

Sondaj dopinyon pi resan ki fèt sou kesyon an bay Newt Gringrich yon bèl avans sou Mitt Romney, yon avans ki twouvel ant 6 e 17 pwen. Gringrich soti nan tèt sondaj ki fèt nan eta tankou, Iowa, Karolin di Sid, ak Florida ki jwen yon gwo wòl nan pwosè nomination prezidansyèl la.

Romney ak kèk lòt repibliken nan kous prezidansyèl la ogmante sou atak y ap fè kont Newt Gringrich nan espwa pou yo ralanti elan li l ap pran sou yo a.

Men Gringrich di li vle rete pozitif. Li pale pou l di: “Lèm te an denyè nan sondaj yo, mwen te rete pozitif. Kounya mwen devan nan sondaj yo, map kontinye ret pozitif.”

Nan atak ansyen gouvènè Romney ap lanse sou Newt Gringich yo, li di ansyen “prezidan chanm depite ameriken an gen palmarès yon konsèvatè moun pa kapab fè konfyans, e li pa pral ezite pou tabli diferans ki egziste ant limenm ak mesye Gingrich. “Aprè tou se politik nap fè, pa gen fè rechinya nan politik”

Gingrich ap eseye repouse kritik moun ap lanse kont lavi pèsonèl li sitou nan sa ki gen rapò ak pwoblèm enfidelite nan 2 premye maryaj li yo.

Gouvènè Texas la, Rick Perry, te fè remak sa yo nan 2 premye deba ant kandida k ap chache envestiti pati republiken an: “Mwen te toujou kwè ke si ou triche sou madanm ou, wap triche sou moun k ap fè biznis avèw la”

Gen plizyè repibliken ki dakò Gringrich te aji kòm yon lidè endesi e difisil lè li t ap okipe plas chanm dè reprezantan an Ozetazini nan ane 1990 yo.

Reprezantan repibliken eta Nouyòk, Peter King, twouve l pami moun kap poze tèt yo kesyon pou konnen si wi ou non mesye Gingrich gen kalite ki nesè pou l vinn tounen prezidan.

Gingrich se dènye kandida ki soti nan tèt nan sondaj yo pou pati konsèvatè Repibliken an.

Pwosesis nominasyon an pral kòmanse nan dat 3 janvye pwochen nan Iowa atravè kokis prezidansyèl yo. Sa pral kòmanse yon seri vòt pimè ak kokis kap dire jiskan jwen. Pwosesis sa a pral rive nan bout li lè pati a va chwazi ofisyèlman candida ki pral reprezante l nan eleksyon prezidansyèl yo pandan konvansyon nasyonal repibliken ki pral dewoule nan vil Tampa, eta Florid, nan nan mwa septanm k ap vin la a.

XS
SM
MD
LG