Accessibility links

Breaking News

Etazini-Ekonomi: Deba yo ap Kontinye sou Plafon Dèt Nasyonal la


Prezidan ameriken an, Barack Obama, ki t ap pale sou negosyasyon l ap fè ak lidè repibliken nan kongrè a sou defisi federal la e sou dèt nasyonal la
Prezidan ameriken an, Barack Obama, ki t ap pale sou negosyasyon l ap fè ak lidè repibliken nan kongrè a sou defisi federal la e sou dèt nasyonal la

Prezidan ameriken an, Barack Obama, ki t ap pale lendi 18 jiyè 2011 la sou negosyasyon l ap fè ak lidè repibliken nan kongrè a sou defisi federal la e sou dèt nasyonal la, di kontak sa yo ap fè pwogrè.

Sepandan, poko genyen okenn siyn ki ta montre « bras de fer » politik sa a pral pran fen anvan lontan. Youn nan lidè repibliken ki nan mitan negosyasyon yo an fas prezidan Obama ak konseye ekonomik li yo, se Senatè Mitch McConnell, lidè minorite a nan Gran Kò a). Misye McConnell pa mete dlo nan bouch li pou l kritike Prezidan Obama poutèt li rejte yon plan Chanm dè Reprezantan an prepare pou pèmèt kriz la jwenn yon solisyon.

Mitch McConnell
Mitch McConnell

Plan sa a mande pou gouvènman an koupe imedyatman sou depans l ap fè jounen jodi a, mete limit nan depans ki va fèt nan lavni epi amande konstitisyon amerikèn nan dekwa pou ekilib bidjè federal la tounen yon obligasyon.

Senatè McConnell deklare:

"Repibliken yo eseye konvenk prezidan an sou nesesite pou nou chanje direksyon. Men, si nou pase plizyè semèn ap fè negosyasyon, se pou n fin pa konstate ke prezidan an tèlman atache na gwo gouvènman, li pa kapab sèvi kòm lidè pou yon mouvman ki ta debouche sou kalte refòm nou bezwen an e ki kapab mennen nou sou wout pou n ekilibre bidjè a e gen kwasans ekonomik.”

Bò kote pa l, lidè majorite a nan Sena a, demokrat Harry Reid, anonse palmantè yo pral rete travay chak jou jiskaske yo rive jwenn yon antant sou lide pou yo leve nivo plafon dèt federal la, jan administrasyon Obama a ap mande l la kòm kondisyon pou Lèzetazini kapab peye dèt li a-tan, swa avan dat 2 out k ap vini la a.

Harry Reid
Harry Reid

Misye Reid deklare:

“Gen moun k ap di ke kriz sa a se yon ti pwoblèm sou lèzèl; eben, yo twonpe yo grandman. Si nou pa rive peye dèt nou, sa pral tounen yon kalamite, yon madichon ki pral kale nasyon nou yo pandan dè e dè zane. »

An tou ka Chanm dè Reprezantan an pral vote madi 19 jiyè a sou plan majorite repibliken an pwopoze pou rezoud kriz sa a ki pwovoke, tankou nou di l deja, yon « bras de fer » ant La Mezon Blanch ak lidè repibliken nan Kongrè a. Prezidan Obama deja anonse li pral poze veto l sou pwopozisyon sa a si li pase nan Lachanm nan.

XS
SM
MD
LG