Accessibility links

Breaking News

Dirijan Sante Ameriken yo Pase Lòd pou Konpayi Elektwonik Jull Wete Sigarèt li sou Mache a

A man breathes vape from an e-cigarette at a vape shop in London, Friday, Aug. 17, 2018. A report by the British science and technology MPs committee suggest that rules around e-cigarettes should be relaxed to help accelerate already declining…

Dirijan ki kontwole sante nan Etazini òdone konpayi sigarèt elektwonik ameriken Jull pou li wete sigarèt li yo sou mache a.

Se pi gwo kou ki frape toujou konpayi sa a ki deja nan pwoblèm, e ke anpil moun bay pote responsablite pou gwo ogmantasyon nan vaping lakay ti adolesan, kidonk nan kantite nan yo ki ap fimen sigarèt elektwonik. Administrasyon ameriken pou kontwòl Manje ak Medikaman, ki gen ti non FDA, fè anons la jedi nan kad yon gwo revizyon k ap fèt sou sigarèt elektwonik, ki jouk pa lontan la a, pa te anba gwo kontwòl leta.

Depi sezon otòn ane pase, FDA te bay kèk grenn konpayi sèlman otorizasyon pou fabrike sa ki rele ann angle e-cigarettes. Pou rete sou mache a, fabrikan yo dwe moutre ke pwodui yo a ede redui dega ke fimen fè lakay adilt, san yo pa atire timoun. FDA di aplikasyon Jull te fè a pa te bay ase enfòmasyon pou evalye danje ki ka genyen nan pwodui li yo.

XS
SM
MD
LG