Accessibility links

Breaking News

Etazini di Prens Saoudyen bin Salman Gen Pwoteksyon Legal nan Pwosè Asasinay Jounalis Khashoggi


Prens Saoudyen Mohammed bin Salman pandan yon dejene travay rankont G20 an, Madi 15 Nov. nan Bali, Endonezi.
Prens Saoudyen Mohammed bin Salman pandan yon dejene travay rankont G20 an, Madi 15 Nov. nan Bali, Endonezi.

Administrasyon Biden nan di jedi ke Prens eritye kouwòn Arabi Saoudit la Mohammed bin Salman gen pwoteksyon legal nan yon pwosè sou asasinay jounalis Jamal Khashoggi, deklarasyon ke ansyen fiyanse jounalis asasinen an kondane imedyatman.

Kèk ajan Arabi Saoudit te touye Khashoggi e dekoupe kò li an miyèt moso nan mwa Oktòb 2018 nan konsila saoudyen a nan Istanboul, yon operasyon ke sèvis ransèyman Etazini wè kòmkwa li fèt sou zòd Prens Mohammed, ki se lidè de facto ki ap kontwole wayòm nan depi plizyè lane.

XS
SM
MD
LG