Accessibility links

Breaking News

Etazini: Depite Akizatè Demokrat yo nan Pwosè Kont Prezidan Trump la Ap Mete Aksan Jodi a sou Abi Pouvwa


Depite Demokrat reprezantan eta Kalifòni, Adam Schiff, kap montre dokiman pandan lap fè depozisyon pou mete Prezidan Trump ann akizasyon devan Sena a.
Depite Demokrat reprezantan eta Kalifòni, Adam Schiff, kap montre dokiman pandan lap fè depozisyon pou mete Prezidan Trump ann akizasyon devan Sena a.

Isit Ozetazini, palmantè Demokrat ki nan tèt akizasyon an nan pwosè Prezidan Donald Trump la, ap kòmanse 2èm jounen an ak yon aksan espesyal sou abi pouvwa lidè ameriken an ta komèt.

Nan premye jou prezantasyon agiman yo, depite akizatè yo te presize rezon ki fè yo panse Sena a ta dwe vote pou wete Prezidan Trump sou pouvwa a. Avoka k ap defann Prezidan Trump nan pwosè a pral chache demonte agiman depite akizatè yo samdi pwochen pandan 3 jou.

Mèkredi 22 janvye 2020 an bonè nan maten, Sena a te vote anblòk, 53 vwa repibliken pou e kont 47 demokrat pou adopte yon seri règ lidè majorite repibliken an Mitch McConnell pwopoze.

XS
SM
MD
LG