Accessibility links

Breaking News

Etazini: Deklarasyon Prezidan Obama Sou 10èm Anivèsè Atak 11 Septanm yo


Etazini: Deklarasyon Prezidan Obama Sou 10èm Anivèsè Atak 11 Septanm yo
Etazini: Deklarasyon Prezidan Obama Sou 10èm Anivèsè Atak 11 Septanm yo

Prezidan ameriken an Barack Obama, chante lwanj ponpye yo, militè e plizyè milye moun ki te pèdi lavi yo nan okazyon selebrasyon dizyèm anivèsè atak teroris 11 septanm yo.

Chèf Mezon blanch lan ki t ap adrese l a pèp ameriken an nan dat 10 septanm 2011 la te pwofite pale de zak ke teroris te komet, sou World Trade Center, Pentagon, ak nan avyon United Airlines, vòl 93 la yo te eklate sou Shanksville, Pensylvanie, sa gen 10 lane.

Prezidan Obama deklare nan dènye lane ki sot pase yo, Lèzetazini deside konbat al-Qaida, elimine pi gwo lidè mouvman an, e pami yo mastèbrenn atak sa yo, an palan de Osama bin Laden ke inite espesyal lamarin amerikèn “Navy Seals” te touye nan kòmansman ane sa a.

Ansyen prezidan ameiken, Georges W. Bush, ki te sou pouvwa a nan moman atak sa yo, te asiste yon seremoni kote yo t ap depoze “bouke flè” nan Pentagon pou komemore anivèsè atak 11 septanm yo. Ansyen sekretè deta defans ameriken, Donald Rumsfeld, te prezan nan seremoni sa a tou.

Taliban yo te bay al-Qaida refij sou teritwa afganistan avan atak 11 septanm yo. Yo te pèmèt gwoup teroris tabli kan antrenman pou terori. E yo te refize livre Bin Laden bay Lèzetazini.

XS
SM
MD
LG