Prezidan ameriken an, Donald Trump, deklare nan jounen dimanch 19 avril 2020 an, lidè Pati Repibliken an -donk pati pa l la- prèske rive jwenn yon antant ak Demokrat yo sou apwobasyon yon nouvo plan sovtaj ekonomik nan Kongrè a pou soulaje dega pandemi kowonaviris la koze nan ekonomi amerikèn nan. Pandan Misye Trump t ap bay yon pwendeprès nan La Mezon Blanch, li fè jounalis yo konprann ke 2 pati yo kapab jwenn antant sa a pa pi ta ke lendi 20 avril la.
An palan de kowonaviris la Ozetazini, nouvèl yo fè konnen gen yon kantite sitwayen ameriken -yon kantite k ap ogmante plis chak jou- k ap leve lavwa pou di yo pa dakò ak lòd pou moun rete lakay yo a pandan pandemi an ap fè dega nan peyi a. Pa egzanp, nan eta tankou Tegzas, Oklahoma ak Vijini, kèk ti gwoup k ap apiye gouvènman an –oubyen tou k ap apiye Prezidan Donald Trump- mete sou moun ki kont lide pou yo vaksinen popilasyon an plis kèk lot gwoup, –ebyen, sitwayen sa yo pran lari pou yo leve kont sa yo konsidere kòm – nap site: <<Efò k ap fèt pou deranje fason moun abitye viv nòmalman nan peyi a,>> fen sitasyon --- kòmkwa objektif efò sa yo se pou anpeche kowonaviris la pwopaje.