Accessibility links

Breaking News

Ozetazini Chomaj Ogmante Anpil

Members of the Patriotic Millionaires hold a federal tax filing day protest outside the apartment of Amazon founder Jeff Bezos, to demand he pay his fair share of taxes, in New York City, U.S., May 17, 2021. REUTERS/Brendan McDermid TPX IMAGES OF THE

Kantite moun ki fè premye aplikasyon pou benefis chomaj nan Etazini ogmante seriezman semèn pase a ---li rive nan nivo ki pi wo li janm rive depi mwa oktob 2021, sa ki endike ke gen kèk biznis ki petèt voye anplwaye yo chita lakay yo nan moman varyan Omicronn koronavirus la ap ogmante nan tout peyi a e sa diminye sou operasyon kèk biznis .

Depatman Travay fè konnen jedi ki sot pase a, 286 mil moun san travay te aplike pou benefis chomaj 55 mil anplis pase semèn anvan an, men chif sa a depase 256 mil yo te anrejistre nan mitan mwa mas 2020 an lè koronavirus te premye anvayi Etazuni kote biznis yo te komanse voye moun chita lakay yo pa Santèn e pa milye.

Nan Semen ki pase yo Etazuni te anrejistre 750,000 ou plis nouvo ka Koronavirus chak jou, anpil nan yo se akoz varyan Omicron an ki atrapan anpil. Nan kek sikonstans, sa ravaje sekte pi gran ekonomi mondyal la.

XS
SM
MD
LG