Accessibility links

Breaking News

Bidjè 2018 Lamezon Blanch Pwopoze a Prevwa Gwo Rediksyon nan Depans Gouvènman Federal la


Direktè Bidjè a, Mick Mulvaney, ki kenbe yon kopi bidjè pwopozisyon pou depans federal ane 2018 Prezidan Donald Trump la. Mesye Mulvaney tap pale ak laprès nan Lamezon Blanch, Washington, 23 me 2017.
Direktè Bidjè a, Mick Mulvaney, ki kenbe yon kopi bidjè pwopozisyon pou depans federal ane 2018 Prezidan Donald Trump la. Mesye Mulvaney tap pale ak laprès nan Lamezon Blanch, Washington, 23 me 2017.

Nouvo bidjè pou ane fiskal 2018 la administrasyon Trump la depoze devan palmantè yo nan Kongrè a gen ladan kèk gwo chanjman nan sa ki rapò ak depans fonsyonman gouvènman federal la. Depans sa yo ki rive nan 4 trilyon 100 bilyon dola pral sibi yon gwo reduiksyon si Kongrè a apwove li.

Sepandan nouvo bidjè prevwa ogmande lajan pou lame, sekirite sou fwontyè, ak veteran lame yo. Bidjè 2018 la ki fèk pibliye a prevwa reduiksyon tou nan lajan gouvènman federal la te konn bay pou kèk pwogram pou moun ki pi pòv yo.

Prensipal responsab bidjè Mesye Trump la, Mick Mulvaney, fè konnen se premye fwa otorite k ap fè bidjè depans yo mete tèt yo nan plas kontribyab yo, olye yo chache ede gouvènman an.

Direkte Biwo Jesyon ak Bidjè a di bò kote pal di nouvo desizyon pou redui depans leta federal la reponn ak pwomès Mesye Trump te fè pandan kanpay li, e li pran tou sa ki te pi enpòtan kòm pwojè li pou mete yo nan kèk plan pratik.

Mesye Mulvaney ajoute ke metòd sa a pwal balanse bidjè leta a nan 10 lane e bay yon kwasans ekonomik 3 pousan.

XS
SM
MD
LG