Accessibility links

Breaking News

Sèvis Imigrsyon Etazini Ap Chèche Konnen si Ayisyen ki Gen Stati Pwoteksyon Tanporè ( TPS) yo ta Enplike nan Krim


Logo Depatman Sèvis Teritoryal Ameriken an
Logo Depatman Sèvis Teritoryal Ameriken an

Etazini- Ayiti-Imigrasyon: Administrasyon Trump la ap pran yon etap li pat janm pran avan nan sa ki konsène imigran ayisyen ki gen Stati Pwoteksyon Tanporè yo (TPS). Otorite imigrasyon yo ap chèche prèv pou konnen si nan moun ki gen TPS yo pa gen ladan yo ki enplike nan krim pandan yap viv sou teritwa ameriken an.

Adrinne St Fume se yon dam kap fè komès chabon; lap viv anba yon tant ak fanmi l depi apre gwo tranblemandtè 12 janvye 2010 la. Tant sa twouve l nan zòn Dèlma, Pòtoprens, Ayiti.
Adrinne St Fume se yon dam kap fè komès chabon; lap viv anba yon tant ak fanmi l depi apre gwo tranblemandtè 12 janvye 2010 la. Tant sa twouve l nan zòn Dèlma, Pòtoprens, Ayiti.

Si yo ta jwenn prèv ki montre yon resòtisan ayisyen, ki gen TPS ta komèt krim, yo ka diskalifye li pou l pa jwenn otorizasyon pou l kontinye patisipe nan pwogram imanitè sa a ki kouvri plizyè dizèn milye nan yo pou yo pa depòte yo ann Ayiti. Etazini te bay ayisyen ki san dokiman legal yo otorizasyon pou rete tanporèman epi travay nan peyi a apre gwo tranblemandtè 12 janvye 2017 la te fè anpil dega materyèl epi lakoz anpil moun mouri ann Ayiti.

Dapre Ajans nouvèl Associated Press (AP), dosye ankèt pou konnen si ayisyen ki gen TPS yo ta komèt krim Ozetazini te parèt nan imèl Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini an. Imèl yo montre ke nouvo chèf sèvis imigrasyon ameriken nan vle konnen konbyen nan 50.000 aysiyen sa yo ki ta fè magouy pou yo kapab jwenn benefis piblik sèvis sosyal ofri ak moun ki pa gen gwo mayen, e ke moun ki gen TPS yo pa kalifye pou avantaj sosyal sa yo.

Nouvèl sa a parèt nan moman anpil kesyon ap poze pou konnen si adminstrasyon Prezidan Trump la pral renouvle TPS pou ayisyen yo ki prèske rive nan bout li.

XS
SM
MD
LG