Accessibility links

Breaking News

Etazini Arete 10 Swadizan Espyon Peyi Larisi


  • Minis afè etranjè Larisi a, Sergei Lavrov, fè konnen Moskou pral mande Washington eskplikasyon sou arestasyon 10 swadizan espyon ris Ozetazini. Misye Lavrov –ke ajans nouvèl Interfax site-- kontinye pou l di otorite ris yo poko jwenn eksplikasyon sou afè a. 10 sispèk yo --ke lapolis amerikèn arete dimanch pase a nan eta New York, New Jersey, Massachusetts ak Vijini --tonbe anba akizasyon ofisyèlman lendi 28 jen an deske yo tap fè konplo pou yo sèvi yon gouvènman etranje san otorizasyon. Yo tout eksepte 2 gen pou reponn tou akizasyon deske yo mele nan lavaj move lajan. Gen yon 11èm sispèk ki toujou nan mawon.

Daprè dokiman Depatman Jistis ameriken an mete devan yon tribinal, li prezante akize yo kòm “imigran ilegal” ki te gen pou reyalize misyon espyonaj pandan lontan Ozetazini pou sèvis sekrè Larisi a, SVR. Depatman jistis ameriken an ajoute objektif moun sa yo sete pou yo te vin amerikanize ase pou yo te rive jwenn enfòmasyon ki sòti nan milye kote otorite ameriken yo pran desizyon sou politik Lèzetazini. Byen bonè jodi madi a yon pòt pawòl Ministè Afè Etarnjè ris la fè konnen sanble gen kontradiskyon nan enfòmasyon li genyen sou arestasyon yo. Sèvis Sekrè Larisi a refize fè kòmantè sou kesyon an.

XS
SM
MD
LG