Accessibility links

Breaking News

Etazini ap Aplike Pwomès Ed Pou Ayiti Aprè Tranblemanntè a


Sou plas piblik vil Saint-Louis di Nò ann Ayiti, yon seremoni te dewoule lendi 26 jiyè 2010 la pou make ouvèti yon misyon asistans imanitè Lèzetazini mete sou pye pou kontinye pwomès li te fè pou l ede Ayiti apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la.

Anpil moun te patisipe nan seremoni sa a ki te komemore lansman pwojè misyon "pwomès k ap kontinye an 2010 la" kote Etazini renouvle angajman li pran pou l bay Ayiti asistans.

Travay misyon sa a se bay pèp ayisyen an sèvis medikal nan yon seri de klinik yo pra l ouvri atravè peyi a.

Nan okazyon sa a, anvwaye espesyal Lavwadlamerik Jean Pierre Leroy te gen opòtinite pou l pale ak Kaptenn Tom Negus ki di l plis sou objektif misyon an.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute entèvyou Jean Pierre Leroy.

XS
SM
MD
LG