Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump ap Pare pou Akeyi Chanselye Alman an, Angela Merkel, nan Lamezon Blanch


Chanselye alman an, Madam Angela Merkel, agoch, Prezidan Etazini an Donald Trump, adwat. Konbinezon foto sa a te kreye lè Mesye Trump te prezidan-eli.
Chanselye alman an, Madam Angela Merkel, agoch, Prezidan Etazini an Donald Trump, adwat. Konbinezon foto sa a te kreye lè Mesye Trump te prezidan-eli.

Prezidan Donald Trump ap resevwa Chanselye alman an, Madam Angela Merkel nan Biwo Oval Mezon Blanch la vandredi 17 mas 2017 la.

Zye kontinan ewopeyen an brake sou rankont sa a ki pral dewoule nan mitan tansyon ant Lamezon Blanch ak Inyon Ewòp la ki genyen kòm pèsonaj santral Angela Merkel. Prezidan Trump te di nan mwa janvye pase a sou madam Merkel, " Mwen respekte l, mwen byen renmen l, men mwen pa konnen l."


Mesye Trump ak Madam Merkel te gen pou yo rankontre pi bonè nan semèn nan, men yon tanpèt nèj sou kot ès Lèzetazini te fòse dirijan yo pouse rankont la pou vandredi sa a. 2 lidè mondyal yo ap gen pou bay yon koferans pou laprès apre tèt-a-tèt nan Biwo Oval Mezon Blanch la.

XS
SM
MD
LG