Accessibility links

Breaking News

Yon Bato Degè Ameriken Navige Toupre Lanmè Ki an Diskisyon ant Lachin ak Lòt Peyi nan Rejyon an


Bato degè ameriken destroyer Maren ki pote non USS Stethem nan lanmè a lès prèskil Koreyen an pandan yon ekzèsis militè ak sèvis maren Kore di Sid, yon operasyon yo rele: Operation Foal Eagle.
Bato degè ameriken destroyer Maren ki pote non USS Stethem nan lanmè a lès prèskil Koreyen an pandan yon ekzèsis militè ak sèvis maren Kore di Sid, yon operasyon yo rele: Operation Foal Eagle.

Yon bato destroyer ameriken navige nan distans 12 mil-maren tou pre yon ti zile ki an diskisyon nan Lanmè Sid Lachin ke 3 gouvènman sou kontinan Azi a reklame. Lachin, Taiwann ak Vyetnam, reklame zile Triton an.

Lachin deplwaye bato militè ak avyon konba nan zòn nan dimanch 2 jiyè 2017 la e li akize USS Stethem kòmkwa li ta antre nan teritwa entèdi.

Yon otorite nan gouvènman ameriken an fè konnen Stethem t ap fè yon ekzèsis inosan pou demontre dwa li pou l navige nan dlo ki an diskisyon yo.

Lu Chang, pòtpawòl ministè afè etranjè chinwa a pibliye yon deklarasyon kote li fè konnen aksyon Etazini an sete “yon pwovokasyon politik e militè” grav e ke operasyon konsa “vyole dwa granmoun Lachin e menase sekirite peyi a.”

XS
SM
MD
LG