Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Lachin ap Chèche Ranfòse Kowoperasyon Ant 2 Pisans Mondyal yo


Vis prezidan chinwa a, Xi Jinping fè premye vizit li nan Lamezon Blanch kote li fè chita-koze ak Prezidan Barack Obama (AP Photo/Susan Walsh)
Vis prezidan chinwa a, Xi Jinping fè premye vizit li nan Lamezon Blanch kote li fè chita-koze ak Prezidan Barack Obama (AP Photo/Susan Walsh)

Vis prezidan chinwa a, Xi Jinping fè premye vizit li nan Lamezon Blanch kote li fè chita-koze ak Prezidan Barack Obama pou ranfòse kowoperasyon ant 2 pisans mondyal yo.

Misye Obama deklare yon relasyon kooperasyonyon ki chita sou respè youn pou lòt nan enterè lemond.

Pandan li t ap akeyi misye Xi nan palè a anvan rankont yo nan biwo Oval la, vis-prezidan Joe Biden, kalifye relasyon Etazini ak La Chin kòm youn nan pi enpòtan nan lemond e li egzòte pou 2 peyi yo kontinye kolabore malgre divèjans yo.

Misye Biden Di: "Nou pa pral toujou rankontre fas pou fas, nou pa pral toujou wè bagay yo menm jan, men nou genyen preokipasyon ekonomik et politik enpòtan, trèz enpòtan ki merite nou travay ansanm."

Obsèvatè yo ap suiv vizit misye Xi ak anpil atansyon, nan moman li sanble li sou wout pou l tounen pwochen lidè Pati Kominis Chinwa a nan fen ane a e prezidan peyi a ane pwochèn.

Misye Xi pral pase pifò tan li ak misye Biden, ki te vizite Lachin kòm envite misye Xi nan mwa out ane pase a.

Vizit sa a pral bay prezidan Obama yon opòtinite pou l soulve kèk kesyon enpòtan ak Lachin tankou kesyon ekonomik la, developman defans mityèl kesyon dwazimen ak yon seri mwann tibeten yo k ap sakrifye tèt yo pou kont yo.

XS
SM
MD
LG