Kore di Sid ak Lèzetazini tanmen madi 16 out 2011 la yon seri de ekzèsis militè yo fè ansanm chak ane, malgre avètisman Kore di Nò lanse pou l di egzèsis sa yo pral gate chans pou lapè tabli sou Preksil Kore a.
Kòmandman Fòs Konbine Kore-di-Sid-Etazini an fè konnen objektif egzèsis sa yo (ka p dire 10 jou e ke responsab yo ap kontwole sou òdinatè), se pou amelyore kapasite kòmandman an pou l defann Kore di Sid kont yon posib atak ki ta sòti bò Kore di Nò.