Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Inyon Ewòp la Kondane Zak Kraze-Zo nan Libi


Etazini ak Inyon Ewòp la Kondane Zak Kraze-Zo nan Libi
Etazini ak Inyon Ewòp la Kondane Zak Kraze-Zo nan Libi

Lèzetazini ak Inyon Ewòp la kondane operasyon sere-boulon fòs sekirite peyi Libi lanse sou manifestan anti-gouvènmantal yo –yon operasyon ki koze lamò anpil sivil libyen- e yo bay dirijan peyi a konsèy pou yo pa itilize vyolans kont moun kap manifeste pasifikman.

Anbasadè Lèzetazini nan Nasyonzini, Susan Rice, kondane aksyon brital ki dewoule nan Libi dimanch 20 fevriye 2011 la nan yon entèvyou li bay NBC, yon rezo televizyon ameriken.

Anbasadè Rice tou pwofite lanse yon apèl bay manifestan yo pou li mande yo aji nan lapè pou yo ka jwenn respè nan men otorite yo. Pòtpawòl Depatman Deta ameriken an, Philip Crowley, bò kote pa l, deklare Washington pale avèk minis afè etranje libyen an, Musa Kusa, e lòt otorite peyi a pou l di yo li pad akò pou otorite Libi yo itilize kont manifestan yo fòs ki ka touye moun.

Minis Inyon Ewòp la –ki reyini nan Brusèl – fè partè menm jou dimanch la yon deklarasyon kote yo kondane sa yo konsidere kòm zak kraze zo ki fèt kont manifestan ki t ap pwoteste nan lapè e yo regrèt lanmò sivil yo .

XS
SM
MD
LG