2 anvwaye espesyal ameriken twouve yo nan Peken pou fè chita-tande ak responsab Kore di Nò konsènan detay yon plan ki pral pèmèt peyi kominis la resevwa 240 mil tòn manje nan men Etazini.
Robert King ki se anvwaye spesyal pou dwa zimen nan Kore di Nò deklare anvan rankont ki gen pou dewoule mèkredi 7 mas 2011 la, pwogram asistans imanitè sa a konplike anpil .
Li presize objektif chita-pale sa a vize, se jwenn garanti pou manje yo al jwenn no koreyen ki nan bezwen vrèman vre.