Accessibility links

Breaking News

11 Novanm Ozetazini se "Veterans Day" ou Jou Ansyen Konbatan yo


Prezidan Barack Obama nan Simityè Nasyonal la nan vil Arlington, Eta Vijini, nan okazyon jou Veteran yo.
Prezidan Barack Obama nan Simityè Nasyonal la nan vil Arlington, Eta Vijini, nan okazyon jou Veteran yo.

Veterans Day, ou jou Veteran yo, se yon fèt piblik ameriken yo itilize chak ane pou yo onore gason ak fanm ki te sèvi nan fòs zame Lèzetazini yo.

Dapre kalkil otorite ameriken yo fè, Lezetazini genyen 20 milyon veteran nan listwa li; pi fò nan yo mouri deja, men genyen ki vivan toujou --kit se sòlda retrete, kit se sa ki toujou aktif nan Fòszame amerikèn yo.

Nan okasyon jounen selebrasyon sa a, Prezidan Barack Obama te resevwa yon delegasyon veteran nan La Mezon Blanch kote yo te pran peti dejene avèk li. Pi ta lidè ameriken an te ale nan Simtyè Nasyonal Arlington nan pou yon vizit tradisyonèl kote li te rann omaj pou fanm ak gason sa yo ki antre sou le drapo pou yo defann enterè Lèzetazini ak prensip ki reji demokrasi amerikèn nan. Prezidan Obama deklare:

Prezidan Barack Obama ki tap pare pou l pran lapawòl nan okazyon 63èm selebrasyon Jounen Veteran yo vandredi 11 novanm 2016 la nan Simtyè Nasyonal Arlington nan Eta Vijini.
Prezidan Barack Obama ki tap pare pou l pran lapawòl nan okazyon 63èm selebrasyon Jounen Veteran yo vandredi 11 novanm 2016 la nan Simtyè Nasyonal Arlington nan Eta Vijini.

" Jodi a, nan okazyon Jou Veteran yo, nap onore sila yo ki te onore peyi nou an. Kit se sòlda retrete, kit se sila yo ki prezan toujou pou yo mete yon fwa ankò inifòm militè nou an sou yo: Lame, La Marin de Gè, Aviyasyon Militè, Kò Mèrin nan oubyen Gad Kòt. Nou di nou mèsi; si nou gen respè, se gras ak nou; si nou gen libète, se gras a nou... "

Fèt Veteran yo tonbe menm jou kote lòt peyi selebre lòt fèt -pami yo genyen Jou Amistis la ak Jou Souvni an pou make anivèsè fen Premye Gè Mondyal la ki te dewoule ant lane 1914 e 1918.

XS
SM
MD
LG