Accessibility links

Breaking News

Etazini: Kritik Minis Defans Ameriken an Kont Palmantè yo


Minis Defans ameriken an Leon Panetta
Minis Defans ameriken an Leon Panetta

Minis Defans ameriken an, Leon Panetta, kritike palmantè ameriken yo poutèt yo koupe 200 milyon dola asistans pou pwojè devlopman sou teritwa palestinyen yo.

Mesye Panetta deklare nan yon konferans li bay nan Tel Aviv (ann Izraèl) ak minis defans izraelyen an , Ehoud Barack, se pa lè pou siprime asistans.

Responsab ameriken an ajoute, se yon moman kritik nan rejyon an nan moman responsab ameriken yo kontinye egzòte palestinyen ak izrealyen pou yo negosye yon akò lapè.

Depatman Deta ameriken fè konnen administrasyon Prezidan Barack Obama a nan gwo diskisyon ak palamantè yo sou kesyon lajan sa a.

XS
SM
MD
LG