Accessibility links

Breaking News

Prezidan-Eli, Donald Trump, Pwomèt pou l Ogmante Kapasite Nikleyè Etazini


Prezidan-Eli Etazini an, Donald Trump kap pale ak patizan li yo apre resilta eleksyon 8 novanm yo. New York, 9 novanm 2016.
Prezidan-Eli Etazini an, Donald Trump kap pale ak patizan li yo apre resilta eleksyon 8 novanm yo. New York, 9 novanm 2016.

Prezidan eli Donald Trump fè konnen li vle fè “gwo ranfòsman ak lajisman” nan kapasite nikleyè Etazini.

Msye Trump deklare nan yon Tweet jounen jedi 22 desanm 2016 la, Etazini dwe aji konsa “jiskaske mond la vin pi saj konsènan zam nikleyè."

Prezidan-Eli Etazini an Donald Trump, agoch / Prezidan Larisi a Vladimir Putin, adwat
Prezidan-Eli Etazini an Donald Trump, agoch / Prezidan Larisi a Vladimir Putin, adwat

Msye Trump fè deklarasyon sa a yon jou apre Prezidan Larisi a Vladimir Putin fin pale nan menm sans la, kote li fè konnen asnal nikleyè peyi li a bezwen yon gwo ogmantasyon.

Nan yon diskou pou l site divès kanpay militè Larisi nan ane 2016 la, Msye Putin deklare amelyorasyon sa yo nesesè pou “bare nenpòt menas militè”.

XS
SM
MD
LG