Accessibility links

Breaking News

Eta New York Sanble Kòmanse Desann Pant Kowonaviris la Apre Pandemi an Deja Touye Plizyè Milye Moun


Yon dam ki mete yon gwo enpèmeyab sou li pou pwoteje tèt li kont kowonaviri la nan Queens, New York City Foto:l 20 avril 2020 nan New York City. (Johannes EISELE / AFP)
Yon dam ki mete yon gwo enpèmeyab sou li pou pwoteje tèt li kont kowonaviri la nan Queens, New York City Foto:l 20 avril 2020 nan New York City. (Johannes EISELE / AFP)

Aprè plizyè semèn depi Eta New York ap fè fas ak yon sitiyasyon kote plizyè milye moun mouri anba pandemi kowonaviris la, gouvènè Andrew Cuomo, ki t ap pale nan jounen lendi 20 avril la, fè konnen eta a sanble kounyela a kòmanse desann pant maladi a; kidonk li depase peryòd kote kowonaviris la deja touye pi gwo kantite moun pa jou nan eta a e kantite a kòmanse bese . Chif ki disponib yo montre Eta New York anrejistre prèske yon ka milyon moun (sa vle di anviwon 250 mil kretyen vivan) ki trape maladi a; e sou kantite sa a genyen plis pase 14 mil moun ki mouri.

Gouvènè Cuomo kontinye pou l di –nap site:

“Kesyon ki poze kounyela a --a sipoze nou deja depase somè montay la e nou kòmanse desann pant la vreman, jan chif yo montre nou sa a-- kesyon ki poze a se konnen konbyen tan desant la pral dire? Eske se pral yon desant apik, yon desant rèd ou pa? Pèsonn pa konnen, menm jan pèsonn pa t konnen konbyen tan vwayaj pou n te monte mòn nan t ap dire -- ni s il t ap apik, si l t ap rèd ou pa…” fen sitasyon.

Nouvel la fè konnen Eta New York ap patisipe nan yon pwogram eksperiantal kote otorite lasante yo ap eseye yon medikamen ki rele “IDROKSI KLOROKINN”, swa yon medikaman kap sèvi depi lontan deja atravè lemond pou konbat maladi malaria; e responsab yo ap eseye li nan anviwn 20 lopital toupatou atravè tout Eta New York. Daprè gouvènè Andrew Cuomo, otorite yo pral voye rezilta yo lendi pwochen bay CDC (Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Madadi) ki nan vil Atlanta, nan Eta Jòji, enstitisyon federal k ap sipèvize eksperimantasyon an.

XS
SM
MD
LG