Accessibility links

Breaking News

Eta Dalèt Devan yon Posib Epidemi Lawoujòl O Meksik


Responsab lasante nan Meksik twouve yo ann eta dalèt devan yon posib epidemi lawoujòl apre yon ti bebe nan peyi Lafrans pi bonè nan mwa a rive ak maladi a nan vil Meksiko.

Responsab yo ap ofri vaksinasyon gratis pou vwayajè ak travayè nan ayewopò Entènasyonal Meksiko a.

Spesyalis o di sa a ap pran 21 jou pou wè siy yo kay yon moun apre kontaminasyon an---sa yo rele « periode d’incubation an.» Ti bebe fransèz sa a te rive nan vil Meksiko nan dat 10 jiyè dènye a.

Se premye ka lawoujòl ki konfime nan peyi a depi 4 tran. Responsab lasante yo mete tibebe a an karantèn.

XS
SM
MD
LG