Accessibility links

Breaking News

Estephanace Hyppolite Se Fyète Ayiti Nan Konkou Pledwari Dwa Moun nan Moritani


Yon Jèn Avoka Ayisyen Ranpòte Yon Gwo Pri Nan Konkou Pledwari Moritani
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:03 0:00

Yon Jèn Avoka Ayisyen Ranpòte Yon Gwo Pri Nan Konkou Pledwari Moritani

Jen avoka Ayisyen Estephanace Hyppolite sot ranpote yon konkou pledori dwa moun nan peyi Moritani. Korespondan nou nan vil Paris, Francklin Edouard Gedems te pale ak misye sou eksperyans la.

Konkou Entenasyonal Pledwari pou Dwa Moun Moritani an te dewoule nan vil Nouakchott 9 Desanm ki sot pase a. Hyppolite, ki fini 2em, te plede an fave viktim masak La Saline yo ann Ayiti.

"Se avek anpil ke kontan ke nou resevwa mesaj kalifikasyon met Estephanace Hyppolite pou gran final konpetisyon entenasyonal Pledwari sou Dwa Moun ki tap fet nan peyi Moritani. E le'l avize'm ke'l tapral plede an fave viktim La Saline yo, mwen te twouve ke se yon koz ki nob," Rose Lumane Saint Jean di VOA Kreyol. Li se yon Ayisyen ki limenm ranpote pri nan konkou entenasyonal elokans inivesite Paris 1 Pantheon-Sorbonne nan.

Hyppolite di VOA jenes Ayiti dwe konnen edikasyon gen enpotans li.

"Jounen jodia, nou konstate yon jenes Ayisyen ki komanse pedi fwa nan edikasyon. Kek ladan yo kwe li pa enpotan pou'm al lekol, li pa enpotan pou'm fe etid inivesite, paske il sufi ke'm gen yon kontak nan nivo politik lan, m'ka reyalize yon paket bagay. Map di'w senseman menm si sa ta arive ke'w reyalize yon paket bagay san yon edikasyon, ou pap rive lwen avek li," Hyppolite deklare.

XS
SM
MD
LG