Accessibility links

Breaking News

Eske Kriz la Nan Kot Divwa ap Jwenn yon Solisyon?


Premye Minis Kenya Raila Odinga agoch, Prezidan Sierra Leone Ernest Bai Koroma,nan mitan,ak Prezidan Kot Divwar la Laurent Gbagbo adwat
Premye Minis Kenya Raila Odinga agoch, Prezidan Sierra Leone Ernest Bai Koroma,nan mitan,ak Prezidan Kot Divwar la Laurent Gbagbo adwat

Kèk lidè afriken rankontre ak prezidan ivwaryen an, Laurent Gbagbo, endi 3 janvye 2011 la, pou yo te ofri misye amnisti a kondisyon pou l remèt pouvwa a bay rival li, Alassane Ouattara.

Sa fè 2èm fwa nan yon semèn ke prezidan peyi Benen, Kap Vè ak Syera Leyòn, rankontre ak misye Gbagbo.

Nan 2èm. rankont sa a, yo te genyen avèk yo premye minis peyi Kenya a, Raila Odinga. Gwoup la pati kite Abidjan, kapital Kot Divwa a, apre yo te rakontre tou ak misye Ouattara ki fè laprès konnen moman diskisyon ak diplomasi a deja fin pase kounyela a.

Daprè yon ofisyèl nan biwo misye Odinga nan Naywobi, kapital Kenya, delegasyon an bay misye Gbagbo garanti l ap gen sekirite si li dakò pou l kite pouvwa a, nan kad yon plan non-negosyab lidè afriken yo mete devan n.

Yon lòt kote, isit Washington, otorite ameriken yo pale pou di yo dispoze ede misye Gbagbo jwenn yon sòti onorab si li aksepte kite pouvwa a –e èd sa a genyen ladan n posiblite pou prezidan sòtan ivwaryen an ta vin viv Ozetazini.

Sepandan, yo ensiste pou di chans yo ba li pou l fè sa a pap egziste pandan twò lontan ankò.

XS
SM
MD
LG