Accessibility links

Breaking News

Eske J-C Duvalier Pral Jwe Yon Wòl Nan Politik Peyi Dayiti?


Ansyen diktatè ayisyen Jean-Claude Duvalier (nan mitan foto a) k ap salye patizan li depi balkon yon otèl kote li desann apre debakman li dimanch 16 janvye 2011 la nan peyi Dayiti apre 25 kan egzil
Ansyen diktatè ayisyen Jean-Claude Duvalier (nan mitan foto a) k ap salye patizan li depi balkon yon otèl kote li desann apre debakman li dimanch 16 janvye 2011 la nan peyi Dayiti apre 25 kan egzil

Reyaksyon sou retou ansyen prezidan ayisyen Jean-Claude Duvalier nan Pòtoprens dimanch 16 janvye 2011 la. Avèk prezans J-C Duvalier sou sèn nan ann Ayiti, anpil obsèvatè ap poze kesyon pou mande eske ansyen prezidan avi a pral jwe yon wòl nan politik peyi a nan yon moman kote Ayiti ap fè fas ak anpil pwoblèm nan diferan domèn: sosyal, ekonomik, politik, elatriye.

Kesyon sa a rete poze sitou paske, nan yon deklarasyon tou kout Duvalier fè aprè li te fin debake nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture la, li di: "Mwen vini pou m ede." Nan yon entèvyou avèk Serge Rodriguez, pwofesè Jean-Robert Simonise plase retou ansyen lidè ayisyen an nan kontèks li.

Klike sou lyen anlè a, adwat paj wèb la, pou w koute yon entèvyou pwofesè Simonise avèk Serge Rodriguez.

XS
SM
MD
LG